17 Avril 2025 ap make 200èm anivèsè depi lè Lafrans te enpoze Ayiti obligasyon pou peye konpansasyon pou pèt pwofi kolonyal nan travay esklavaj, ke yo rekonèt kòm “dèt endepandans” lan. Efè danjere dirab “dèt endepandans” lan, kolonyalis ak esklavaj kontinye ap manifeste nan sitiyasyon politik, sosyal, ekonomik, imanitè ak dwa moun nan peyi a jouk jounen jodi a.1 Lafrans gen yon devwa dapre lwa entènasyonal dwa moun pou akòde reparasyon epi abòde eritaj kolonyalis ak esklavaj ann Ayiti.

