Haiti: sispann depòtasyon etazini ap fè yo avèk abi kont ayisyen an deplasman yo: Yon etap ijan pou kreye politik jis anvè ayisyen

Ant 19 Septanm ak 10 Novanm, gouvènman Etazini a voye preske 9.000 migran Ayisyen ak moun k ap mande azil ann Ayiti retounen, an gran majorite san yo pa bay yo aksè pou yo fè yon pwosesis demann azil la kòmsa endike nan sistèm ameriken an oswa ni fè tès depistaj pou jwenn pwoteksyon. Ekspilsyon an mas gouvènman Etazini an ap deplwaye a te pwovoke yon ogmantasyon nan kantite Ayisyen ki depòte atravè Amerik yo, sa mete absè sou klou nan kriz ki deja ap feraye a epi nan yon jefò konsète ògàn Nasyon Zini yo mande pou eta yo bay pwoteksyon entènasyonal avèk pèmèt pakou altènatif legal pou regilarizasyon fèt kòmsadwa epi rezolisyon Inter-American Commission on Human Rights (IACHR) adopte a pou trete bezwen ki genyen nan rejyon an pou mete plis mezi pwoteksyon pou Ayisyen an deplasman yo.

Choose a language to view report

Download PDF