Baze sou 112 entèvyou – ki gen ladan yo ak 51 timoun – Amnisti Entènasyonal te egzamine enpak sou vyolans gang sou timoun an Ayiti yo. Abi ak vyolasyon yo resanse nan uit komin nan Depatman Lwès la gen ladan yo: rekritman ak itilizasyon timoun yo, vyòl ak lòt fòm vyolans seksyèl, ak asasinay ak blesi. Yo te resanse tou enpak vyolans lan sou timoun andikape yo.
Also available in Haitian Creole,English,Español,Français

