Ayiti sal depi plizyè deseni nan divès kriz politik, ekonomik, imanitè, sekirite ak dwa moun. Kriz sa yo, ki pran rasin yo nan eritaj kolonyal ak esklavajis peyi a te sibi ki vin agrave aprè asasina prezidan Jovenel Moïse an 2021 an. Enstabilite politik te entansifye afeblisman enstitisyon etatik yo epi te agrave mankman nan sèvis debaz yo, tankou dlo ak asenisman, konsa tou aksè ak manje e ak medikaman. Nan menm moman, yon kantite gang ame te ranfòse epi kounye a ap kontwole divès pati enpòtan nan teritwa a ansanm ak enfrastrikti estratejik tankou pò yo ak ayewopò yo, sa ki plonje popilasyon an nan vyolans ak kawo.
Index Number: AMR 36/8036/2024
Available in Haitian Creole,English,Español,Français

